1
Papa mwen chita devan w maten an
Men ti Bib mwen louvri devan m
M ap mande w tanpri louvri lespri mwen
Pou m ka konprann pawòl ki ladan l
Pou m ka sonje se ou ki papa mwen
Pou m toujou fè sa tout sa ou di mwen
Mwen bezwen fòs Lespri Sen w anpil
Pou m rete toujou nan bon chemen
Refrain
Lave m ak dlo vivan
Nouri m ak pawòl vivan
Pou m sèvi Bondye vivan
Toutotan mwen rete vivan
Lave m ak dlo vivan
Nouri m ak pawòl vivan
Pou m sèvi Bondye vivan
Toutotan mwen rete vivan
2
Mèsi Bondye ou ban mwen pawòl sa
Lè m dekouraje li ban mwen fòs
Lè m grangou, lè m swaf mwen sipòte
Pawòl sa gen pwoteyin ladan l
Tanpri pa kite m pase yon maten
Pou m pa pran randevou ak Bib mwen
San m pa jwenn medikaman mwen bezwen
Pou pase jounen an ak Bondye
3
M'ap mande'w Lespri Sen an nan vi mwen
pou dirije chak pa'm nan wout la
Chak maten m'a chèche prezans ou
Pou'm pran kwa mwen e mache ak ou
Moman yo ka difisil pou mwen
Mwen mete tout konfyans mwen nan ou
Nan detrès, nan mizè, mwen rele ou
E touswit ou ban'm lapè ak jwa